Explore
Also Available in:

Kòl Etonan

Li Te Kreye Konsa

de Jonathan Sarfati

Kòman foumi e myèl mache’tèt anba, yon abilite esansyèl pou mache sou plant? Non’sèlman pye yo dwe kapab kole, men tou dekole nan moman apwopriye pou yo kapab deplase rapidman.

bee on flower

Yon ekip Inivèsite Masachisèt montre kounyeya fason etonan yo fè sa. Yo itilize kamera foto iltrarapid sou myèl siwo e foumi k’ap mache sou vit, e etidye estrikti pye a nan mikwoskòp. Pye a gen yon tanpon imid (awolyòm), ki kapab kole sou yon sifas tankou papye mouye sou yon fenet. Sa nan mitan de grif, ki gen fòm yon kòn towo bèf.

Si sifas la di, grif yo kapab kranponnen yon sifas, e awolyòm lan retrakte paske li pa nesesè, e li pwoteje pou li pa kòche. Men sou yon sifas poli kote grif la pa kapab kranponnen anyen, yo retrakte pamwayen tendon fleksib grif la, ki koze awolyòm lan vire sou li menm e etann li nan pozisyon. Tandon sa a konekte tou nan yon plat ki prese yon rezevwa “san” (emolenf), fòse likid la antre nan awolyòm lan pou gonfle li, konsa prese li sou sifas la.

Lè pye a bezwen dekole, tendon fleksib grif la libere, e awolyòm lan e anpil nan pati mekanik yo’tèlman elastik ke yo tounen rapidman antre nan plas yo. Menm mekanis fondamantal la aplike pou ni myèl ni foumi, men yo gen pati ki fòme diferaman akòz diferan egzijans yo.

Sa se yon plan mekanik e idwolik trè konplèks, men kontwole nan yon fason trè senp, san okenn patisipasyon’sèvo. Sa rann posib gran konfyans e moman reyaksyon trè rapid. San etonnman, sa eksite kiryozite kreyatè ti wobo yo pou bi medikal.

Se pa ta premye fwa ke lòm kopye plan orijinal Bondye te kreye nan lespri envantif Li–òdinèman san ba Li glwa. “Envantè” Vèlkwo a, kòm egzanp, se yon sistèm sanblab nan plant ki te enspire li.

Rèy animal te gen pwopilsyon djèt lontan anvan okenn moun te panse sou sa, e je woma te enspire radyografi teleskòp reyon X (Creation 23(3):12-13), pou site’sèlman kèk. Plis teknik rechèch sofistike nou rann nou kapab dekouvri konsènan kreyasyon an, se plis nou dekouvri nan abilite, pwofondè e lespri envantif plan orijinal Bondye te kreye, ke lòm ap lite pou kopye.

Sous

  1. Schubert, C., Ensèk deplwaye pye kolan ak presizyon, Science News, 2 June 2001, p. 341.
  2. Yon sityasyon kolan pou foumi e myèl; byolojis UMass gade kòman ensèk sa yo kole sou divès sifas, Inivèsite Masachisèt nan Amherst, <www.sciencedaily.com/releases/2001/09/010928071138.htm>. 17 December 2001.
  3. Federle, W. et al, Byomekanik ògàn adezif pretasyen mobil nan foumi e myèl. Proceedings of the National Academy of Sciences USA 98(11):6215–6220 , 22 May 2001.